..........FRENCH.......... | ........ENGLISH........ | ||||||||||||||||||||
KÒM NOU DEJA DI'L, APATI DE YON LÒT KONSTITISYON KAP GEN KÒM BAZ FEDERALISM LAN, DEPARTMAN YO AP DIRIJE PA GOUVÈNÈ KE PÈP LA ELI. LÈ SA, YO VA GEN OTORITE POU YO APLIKE OPSYON POLITIK KONSITWAYEN YO. ANN PRESIZE KE POLITIK KI GEN ORIJIN NAN LANG LATEN AN, SE YON SYANS AK YON ART POU JERE YON VIL. KONNYA, ANNOU VOYE YON KOUT JE SOU JESYON SILA.
| |||||||||||||||||||||
OTONOMI DEPATMANTAL | |||||||||||||||||||||
Desentralizasyon administratif onivo depatmantal pèmet nou genyen dirijan ki pi pre nou pou pran desizyon sou avni pwogrè ekonomik, sosyal, ak sekirite depatman an. Li pèmet efikasite nan administrasyon piblik yo, pliske otorite lokal yo konnen bezwen teren an pi byen ke otorite santral yo. Finalman, li pèmet jesyon kominal yo fèt pi byen, olye se yon dirijan santral k’ap panse e pran desizyon pou nou.
Lejislatif, ekzekitif ak jidisyè. 1. Pouvwa Lejislatif Depatmantal Asanble Lejislatif depatmantal la fὸme ak yon reprezantan direk pou chak komin. Yo la pou adopte lwa depatmantal, apwouve depans ak egzamine Koman gouvenman depatmantal la ap jéré tout sa ki revyen popilasyon an de dwa (zafe piblik yo). 2. Pouvwa Ekzekitif Depatmantal Pouvwa ekzekitif la fὸme ak yon Gouvènè, vis-Gouvènè eli. Gouvènè a chwazi minis pou ede li jéré selon bezwen yo. Li devlope politik kominote a e li responsab pou administre depatman an, jere tout sa ki gen rapὸ ak lavi sitwayen yo. Anjeneral nou itilize mo « gouvenman depatmantal ». 3. Pouvwa Jidisyè Depatmantal Se li menm ki konstitiye aparèy jidisyè a. Li deside sou diskisyon ke moun nan kominote a genyen ant yo selon lwa ki te pasé nan asanble Lejislatif la.
Prezantasyon sa a se yon koutwazi Emmanuel Joseph, yon konpatriyòt konsène ki, tankou anpil lòt, detèmine pou jwenn yon solisyon pou chit peyi a vè yon twou san fon. Li finalman chwazi federalism lan ke li pataje avèk nou. Koulye a, annou tande'l. |