ENGLISH
NAN BIWO
GOUVÈNÈ A

LE CAHIER
DES
      COMMUNES         
  

FRENCH
Nou èstime ke se ta va yon erè grav si nou pat fè konpatriyòt nou yo sonje koze Cahier des Communes nan, ki se te yon langaj Pwofesè Manigat te vini ak li kòm mwayen pou gouvènman an te genyen doleyans zòn rekile yo. Malerezman, moun li te pase flanbo a nan (RDNP) pat sou menm longè dond ak li.
Men, ki sa Cahier des Communes an ye.?
Cahier des Communes, se premye pa desantralizasyon, ou ta va di yon timoun ki fenk kòmanse mache. Palan de desantralizasyon fòk nou di ke se yon chapit konstitisyon ki pat janmen ouvri. Cahier des Communes se yon jesyon lokal ki, nan aplikasyon li, ta mennen nou tou dwat nan federalism, sèl liy sovtaj pou yon AYITI MIYÒ.
Lè nap rann nou kont de kèk varyasyon nan diskou a, nou kwè ke nou ta dwe ensiste, la se opinyon nou, federalism va bay peyia yon Prezidan ak VP'l san bliye ajoute dis gouvènè pèp la ap eli tou. Gouvènè sa yo va asire jesyon sirkonskripsyon yo ak lwa redije e vote pa depite yo. Va genyen 1 depite pa kominn. Ya va syeje kòm lijislatè depatman an. Lè sa a ap genyen yon pouvwa lejislativ depatmantal. Se konsa otonomi depatmantal ap gen jarèt e lap pèmèt plis moun solid rantre nan jesyon peyi’a. Koripsyon ap ralanti – enkonpetans ap fini.
Anpil konpatriyòt federalis ki, lè yap refere yo a istwa peyia, yo santi yon kout kouto lè yo wè chèf deta nou yo, apa Lesly Manigat, etranje toujou manipile yo; Se poutèt sa nou pwoklame byen fò epi klèman ke nou pa ka gen yon politik daplon nan peyi a san yo pa redefini wòl Prezidan an Repiblik nan yon nouvo konstitisyon. Li va resevwa doleans patnè li yo ke li va transmèt bay Sena a ak bay gouvènè yo nan yon seans ouvè a nasyon an. Nan kafou sa a, pa gen okenn konpwomi, epi fòk gen vitès nan yon ijans sila.
Se yon bon okasyon, nou kwè, pou nou ta ensiste ke chwa yon Premye Minis, nan aplikasyon li nan dènye trant sis ane yo reflete yon mèkantilism nan tout lèdè 'l. Nou definitivman bezwen fini pasaj gratis nou bay 'bandi legal' yo nan oto wout sila, byenke patnè etranje nou yo pa jennen di nou yo pa yo alèz. Se pou remak sa rezone nan salklas toupatou nan peyi a: Patnè etranje nou yo alèz nan chemen yo trase e ke nap swiv la tankou yon zonbi.
Konfigirasyon Peyi a! Yon lòt sijè ki te fè koule anpil lank, anpil saliv. Nou dwe siyale rejyonalis twòp egzajere konpatriyòt nou yo san nou pa bliye mete aksan ke pa gen jenerasyon espontane. Anpil epizòd istorik ta dwe siy pou di nou 'Kanpe La''.
Federalism lan inevitableman ap swiv kous li. Nou kontan jwenn yon platfòm pou li. Pandan nap tann lòt vwa, an nou bay lapawòl a Kettly Excellent nan Pati Federalis ki ap dyalòge ak jounalis Boukman lan.


N.B.Nenpòt konpatriyòt ki abitye avèk lojisyèl HTML e ki ta renmen aktivman mennen batay sa a avèk nou, fè nou konnen pou nou pataje kòd paj sa yo ak ou.
Mèsi Davans
An L'onè yon peyi ki pa nou
Myrtho Felix
561 498 9098
Felixloop@gmail.com